Accueil »› Activités »›

CAN/MSPP/ FORMATION AU PROFIT DES ENFANTS DE L"EMISSION SOLEIL D'ETE


 

Nan lide pou l kontinye fòme tout moun nan popilasyon an, vandredi ki te 19 Dawout 2022 a, Sant Anbilansye Nasyonal te sou plato emisyon « Soleil d’été, yon konkou talan Télé Soleil òganize chak vakans pou timoun yo.

Ekip CAN lan te pwofite montre timoun yo materyèl ki nan yon anbilans epi yo te fè demonstrasyon pou aprann timoun yo yon seri jès premye sekou pou yo ka ede moun ki gen ijans anvan anbilans lan rive.

Responsab Télé a ansanm ak timoun yo pa te kache kontantman yo epi prezante remèsiman yo bay tout anplwaye CAN pou travay y ap fè nan sosyete a.